Vous êtes ici

Le texte suivant est en Créole Haïtien

 

Done tounèf montre gwo dezavantaj pou sante matènèl nan anpil pati nan monn lan, ak gwo diferans ki genyen nan jwenn swen sante

GENÈV/NOUYÒK/WACHINTON, 23 fevriye 2023 -- Chak 2 minit, yon fanm mouri pandan gwosès oswa akouchman, dapre dènye estimasyon ki parèt nan yon rapò ajans Nasyonzini jounen 23 fevriye a. Rapò sa a “Tandans nan mòtalite matènèl” fè wè gwo pwoblèm nan laswenyay pou fanm nan dènye ane sa yo, kòmkwa lanmò matènèl oswa ogmante oswa rete estab nan prèske tout rejyon nan monn lan.

Doktè Tedros Adhanom Ghebreyesus, Direktè jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante, te di: "Pandan gwosès ta dwe yon tan gwo lespwa ak yon bon eksperyans pou tout fanm, li toujou rete yon eksperyans danjere anpil pou plizyè milyon moun atravè monn lan ki pa rive jwenn bon jan kalite swen sante nan respè kòmsadwa.", dapre Direktè Jeneral Òganizasyon Mondyal Lasante a (OMS). "Nouvo estatistik sa yo montre nesesite prese prese pou chak fanm ak tifi jwenn sèvis sante ki enpòtan pou li anvan, pandan ak apre akouchman, epi egzèse totalman dwa repwodiktif yo".

Rapò a, ki swiv lanmò matènèl nan nivo nasyonal, rejyonal ak nan monn lan ant 2000 ak 2020, montre te gen yon estimasyon 287,000 lanmò matènèl atravè monn lan nan lane 2020. Sa a montre sèlman yon ti diminisyon soti nan 309,000 nan lane 2016 lè Objektif Devlopman Dirab yo (ODD) antre an aplikasyon. Pandan rapò a prezante kèk gwo pwogrè nan diminye lanmò matènèl ant lane 2000 ak lane 2015, pwogrè yo te bloke, oswa nan kèk ka te menm ranvèse, apre lane 2015.

Sou 2 pami 8 rejyon yo nan Nasyonzini - Ewòp ak Amerik di Nò, ak Amerik Latin ak Karayib la - to mòtalite matènèl la ogmante sòti nan lane 2016 ak lane 2020, 17% ak 15% plis youn lòt. Yon lòt kote, pousantaj la rete estab. Sepandan, rapò a fè remake gen pwogrè ki posib. Pa egzanp, gen 2 rejyon - Ostrali ak Nouvèl Zeland, epitou Azi Santral ak Sid – ki te fè eksperyans yon bès enpòtan (35% ak 16% youn lòt) nan to mòtalite matènèl pandan menm peryòd la, menm jan ak 31 peyi atravè monn lan.

"Pou plizyè milyon fanmi, mirak la nan akouchman nan chanm makònen ak trajedi lanmò matènèl la", dapre Direktris Egzekitif UNICEF, Catherine Russell. “Okenn manman pa ta dwe pè pou lavi li pandan l ap pote yon ti bebe nan monn lan, sitou lè konesans ak zouti pou trete konplikasyon ki makònen ak akouchman egziste. Ekite nan swen sante bay chak manman, kèlkeswa moun li ye oswa kote li ye, yon chans total kapital pou yon nesans an sekirite ak yon avni nan lasante epi nan bon kondisyon ak fanmi li”.

An total, lanmò matènèl yo kontinye konsantre lajman nan pati ki pi pòv nan monn lan ak nan peyi ki anba konfli yo. Nan lane 2020, apeprè 70% nan tout lanmò matènèl yo te rive nan Afrik sub-Saharan. Nan nèf peyi ki te fè fas ak kriz imanitè grav, to mòtalite matènèl la te plis pase 2 fwa mwayèn mondyal la (551 lanmò matènèl pou chak 100,000 nesans vivan, konpare ak 223 atravè monn lan).

Juan Pablo Uribe, Direktè Global pou Sante, Nitrisyon ak Popilasyon nan Bank Mondyal, ak Direktè Etablisman Finansman Global la, te di: "Rapò sa a bay yon lòt rapèl klè sou nesesite ijan pou redouble angajman nou anvè sante fanm ak adolesan yo. "Avèk aksyon imedya, ogmante envestisman nan swen sante prensipal ak sistèm sante ki pi solid, ki pi rezistan, nou ka sove lavi, amelyore sante ak byennèt, epi avanse dwa ak opòtinite pou fanm ak adolesan".

Gwo senyen, tansyon wo, enfeksyon ki gen rapò ak gwosès, konplikasyon nan avòtman nan ensekirite, ak kondisyon ki kache ki ka agrave gwosès la (tankou VIH/SIDA ak malarya), se kòz prensipal lanmò matènèl. Tout bagay sa yo ka prevni epi trete yo le yo bay bon jan kalite swen lasante nan bon jan respè.

Swen sante prensipal ki santre sou kominote a kapab satisfè bezwen fanm, timoun ak adolesan epi pèmèt yo jwenn komsadwa sèvis enpòtan tankou akouchman ak swen prenatal ak apre akouchman anba asistans pwofesyonel lasante, vaksen timoun, nitrisyon ak planifikasyon familyal. Sepandan, mank finansman nan sistèm swen sante prensipal yo, mank travayè nan swen sante ki resevwa fòmasyon, ak chèn ekipman fèb pou pwodwi medikal yo se yon menas pou pwogrè rive fèt.

Apeprè yon tyè nan fanm yo pa gen menm kat nan 8 tchèkòp prenatal yo rekòmande oswa resevwa swen esansyèl apre akouchman, pandan apeprè 270 milyon fanm pa gen aksè a metòd modèn planin familyal. Egzèsis kontwòl sou sante repwodiktif yo - patikilyèman desizyon sou si ak lè yo gen timoun - se yon bagay enpòtan pou pemet fanm yo planifye ak tabli espas nan fè pitit epi pwoteje lasante yo. Inegalite ki gen rapò ak revni, edikasyon, ras oswa etnisite ogmante plis risk pou fanm ansent majinalize yo, ki gen mwens aksè a swen matènite esansyèl men ki gen plis chans fè eksperyans pwoblèm sante kache pandan gwosès la.

"Li pa akseptab anpil fanm kontinye mouri san nesesite pandan gwosès ak akouchman. Plis pase 280,000 lanmò nan yon sèl lane se pa nòmal", dapre Direktris Egzekitif UNFPA a, Dr Natalia Kanem. “Nou kapab epi nou dwe fè sa pi byen lè nou envesti prese prese nan planifikasyon familyal epi konble mank 900,000 sajfanm mondyal la pou chak fanm ka jwenn swen pou sove lavi li. Nou gen zouti, konesans ak resous pou fini ak lanmò matènèl yo ka evite; sa nou bezwen kounye a se volonte politik".

Pandemi COVID-19 la ka anpeche plis pwogrè nan sante matènèl. Nou ka wè seri done aktyèl yo pral fini nan lane 2020, nou pral bezwen plis done pou montre vre enpak pandemi an sou lanmò matènèl. Sepandan, enfeksyon COVID-19 la ka ogmante risk pandan gwosès la, kidonk peyi yo ta dwe pran aksyon pou asire fanm ansent ak moun ki planifye gwosès yo jwenn vaksen COVID-19 la ak swen prenatal efikas.

John Wilmoth, Direktè Divizyon Popilasyon Depatman Afè Ekonomik ak Sosyal, te di: “Bese mòtalite matènèl rete youn nan defi sante mondyal ki pi ijan. “Mete yon bout nan lanmò matènèl ki ka evite epi bay aksè inivèsèl a bon jan kalite swen sante matènèl mande yon sipò nasyonal ak jefò entènasyonal epitou angajman enkondisyonèl, patikilyèman pou popilasyon ki pi vilnerab yo. Se responsablite kolektif nou pou pemet chak manman, tout kote, viv byen akouchman an, pou li ak pitit li yo ka pwospere".

Rapò a montre monn lan dwe akselere pwogrè a anpil anpil pou atenn objektif mondyal la ki se diminye lanmò matènèl la, oswa riske lavi plis pase 1 milyon plis fanm rive nan lane 2030.

 

Nòt pou editè yo

• Rapò a disponib sou lyen sila : www.who.int/publications/i/item/9789240068759

• Ou ka jwenn done kle yo isit la.

• Kontni miltimedya yo disponib tou

 

Konsènan rapò a

OMS te pwodwi Rapò a sou non Gwoup Estimasyon Mòtalite Entè Ajans Nasyonzini yo ki gen ladan li OMS, UNICEF, UNFPA, Gwoup Bank Mondyal ak Divizyon Popilasyon Depatman Afè Ekonomik ak Sosyal Nasyonzini. Li itilize done nasyonal yo pou estime nivo ak tandans nan mòtalite matènèl ant 2000-2020. Done ki nan nouvo piblikasyon sa a ranplase tout estimasyon anvan yo OMS ak Gwoup Entè Ajans Nasyonzini pou Estimasyon Mòtalite a te pibliye.

 

Konsènan done yo

Objektif ODD yo pou lanmò matènèl se pou yon rapò mondyal mòtalite matènèl (MMR) ki mwens pase 70 lanmò matènèl pou chak 100,000 nesans vivan rive lane 2030. MMR mondyal la nan lane 2020 te estime a 223 lanmò matènèl pou chak 100,000 nesans vivan, soti nan 227 nan lane 2015 ak soti nan 339 nan lane 2000. Pandan epòk Objektif Devlopman Milenè a soti nan lane 2000 rive 2015, to mondyal anyèl rediksyon an te 2.7%, men sa a te tonbe nan nivo neglijab pandan senk premye lane yo nan epòk ODD a (soti nan 2016 rive 2020).

Rapò a gen ladan li done dezagregasyon pou rejyon sa yo, yo itilize pou rapò ODD a : Azi Santral ak Azi Sid; Afrik Sub-Saharan; Amerik di Nò ak Ewòp; Amerik Latin ak Karayib la; Lwès Azi ak Afrik Dinò; Ostrali ak Nouvèl Zeland; Azi de Lès ak Azi Sidès, ak Oceani eksepte Ostrali ak Nouvèl Zeland.

Yo define yon lanmò matènèl tankou yon lanmò ki gen awè ak konplikasyon ki gen rapò ak gwosès oswa akouchman, ki rive pandan yon fanm ansent, oswa nan 6 semèn nan fen gwosès la.

 

Kontak

• UNFPA : Eddie Wright, ewright@unfpa.org. +1 9178312074

• OMS : Laura Keenan, keenanl@who.int, +41 79 500 65 64

• UNICEF: Sara Alhattab, salhattab@unicef.org, +19179576536

• Bank Mondyal: Alexandra Humme, ahumme@worldbank.org

 

Konsènan UNFPA:

UNFPA se ajans Nasyonzini pou sante seksyèl ak repwodiktif. Misyon UNFPA se delivre yon monn kote se chak fanm ki deside lè l vle fè pitit, chak nesans fèt an sekirite ak chak jèn reyalize potansyèl li. UNFPA mande pou reyalize dwa repwodiktif pou tout moun epi sipòte aksè nan yon pakèt sèvis sante seksyèl ak repwodiktif, tankou planifikasyon familyal volontè, bon jan kalite swen sante matènèl ak edikasyon konplè sou seksyalite.

 

https://www.unfpa.org/press/woman-dies-every-two-minutes-due-pregnancy-or-childbirth-un-agencies

 

https://www.unfpa.org/fr/press/une-femme-meurt-toutes-les-deux-minutes-de-complications-liees-la-grossesse-ou-laccouchement