Le texte suivant est publié en Créole haïtien
NASYONZINI, Nouyòk – Nan objektif pou fini ak mòtalite matènèl la, anpil ekspètiz klinik ak teknoloji ki nesesè pou evite lanmò matètènèl evitab yo, te egziste depi plizyè dizèn lane.
Poukisa prèske 800 fanm toujou mouri chak jou pou rezon matènèl ? Ki jan, jodi a, yon fanm ka mouri chak 2 minit nan gwosès oswa akouchman?
Se yon kesyon ki te vin pi ijan ak piblikasyon yon nouvo rapò Nasyonzini ki rele : "Tandans nan mòtalite matènèl", ki fè konnen pwogrè pou mete fen ak lanmò matènèl yo pa sèlman bese pandan 5 lane ki sot pase yo, men li estab.
Sòti 2000 pou rive 2015, mòtalite matènèl nan monn lan te retresi ak 1/3, akòz to fètilite a ki te bese epi itilizasyon ak satisfaksyon bezwen kontraseptif yo ki te ogmante. Tout sa yo vin rann swen sante a miyò.
Depi 2016, to a vin bese anpil tou. Pandan li te bese anviwon 3 pousan soti 2000 pou rive 2015, pou 2016 ak 2020 li te tonbe prèske a zewo.
Dr Natalia Kanem, Direktè Egzekitif UNFPA di : “Nou gen zouti, konesans ak resous pou nou mete fen nan lanmò matènèl ki ka evite. Li pa akseptab pou anpil fanm kontinye ap mouri san nesesite pandan gwosès ak akouchman."
Ralanti tandans lan
Objektif Devlopman Dirab Nasyonzini fikse yon sib pou monn lan bese mòtalite matènèl la mwens pase 70 lanmò pou chak 100,000 nesans pou lane 2030 - yon sib gouvènman an atravè monn lan te siyen.
Men kriz imanitè ak konfli te travay kont efò peyi yo pou diminye lanmò matènèl yo. Vin ajoute chanjman klimatik, yon defi ki vini pi grav. Sou wout li ye kounye a, monn lan pral tonbe nan objektif li yo pou diminye mòtalite matènèl, kote plis pase yon milyon manman nan risk pou yo ka evite lanmò nan 2030.
Gen tan toujou pou goumen pou fanm sa yo ka viv pandan gwosès, avan ak aprè akouchman yo. Pou akselere pwogrè sa a, ekspè yo rekòmande peyi yo travay pou ranfòse sistèm sante yo, bay pwoteksyon sante inivèsèl ak atake obstak ki anpeche kominote majinalize yo jwenn aksè nan bon jan kalite laswenyay.
Yon etap enpòtan nan diminye mòtalite matènèl la, se anpeche gwosès envolontè yo ki reprezante prèske mwatye nan tout gwosès yo. Sa mande tou, pou pèmèt plis moun rive jwenn kontraseptif, rann miyò edikasyon sou seksyalite konplè, pwoteje dwa fanm yo pou yo kapab deside kilè ak kimoun pou fè pitit. Paske avòtman ki pa san danje yo rantre pami kòz prensipal yo nan mòtalite matènèl.
Sarah Bar-Zeev, yon espesyalis sajfanm k ap travay ak UNFPA, te di : « sajfanm yo enpòtan nan sove lavi manman ak tibebe. Nou bezwen wè pi gwo sipò pou sajfanm yo, jwenn bon jan kalite edikasyon ak fòmasyon, nou bezwen sajfanm yo nan wòl lidèchip yo pou yo ka gen yon wòl enpòtan nan pran desizyon. Sajfanm yo bezwen jwenn sipò pou yo travay nan tout domèn, nan pratik pou travay tout bon vre nan yon sistèm sante ki byen fonksyone ak yon bon ekip kolaborasyon. »
Li te ajoute : "Nou bezwen sistèm sante a solid epi pou li byen mache yon fason pou sipòte sajfanm yo pou bay manman ak tibebe pi bon swen posib."
Fè plis nan sa ki travay yo
Malgre nouvèl sou pwogrè sou mòtalite matènèl te estab nan mond lan, li pa te konsa nan tout peyi. Pou egzanp, Nepal redwi lanmò matènèl nan prèske 1/3 sòti lane 2015 pou rive lane 2020 apre yo fin koupe pousantaj peyi a nan mwatye sòti lane 2000 pou rive lane 2015.
Premye siksè Nepal nan diminye mòtalite matènèl te vini apre gouvènman an te double depans sante epi te lanse politik ki te fè swen matènite vin gratis. Li te legalize avòtman ak ofri fanm ankourajman finansye pou akouche nan sant sante epi ranpli vizit swen prenatal yo.
Malgre plis fanm nan Nepal ap bay nesans ak asistans nan men yon founisè kalifye, Konsèy Rechèch Sante Nepal (NHRC) te di nan lane 2016 peyi a te bezwen pwofesyonèl sante ki resevwa fòmasyon tankou sajfanm. Yon fwa, yon enfimyè te konn fè travay yon sajfanm, vin fè sajfanm tounen yon pwofesyon endepandan nan Nepal. Vag inogirasyon sajfanm nan peyi a te gradye nan kou fòmasyon UNFPA te sipòte nan lane 2020.
Sakila Chaulagian te pami premye moun ki te resevwa yon diplòm bakaloreya nan saj fanm– yon premye nan domèn li nan Nepal. "Sitiyasyon an te byen dezespere," li te di UNFPA nan lane 2020 : "Fanm ansent souvan oblije mache pandan plizyè èdtan pou yo rive nan sant sante ki pi pre a, pi mal, kèk nan yo konn mouri sou wout la paske yo pa jwenn tretman ak swen alè. ”
Madam Chaulagian, avan ki se te yon enfimyè, deside vin yon safanm apre li te travay kòm yon founisè swen sante nan distri aleka Baitadi nan Nepal, nan seri Himalaya. "Apre mwen te tande istwa sa yo, mwen te panse mwen dwe fè tout sa mwen kapab pou sove lavi manman ak ti bebe yo."
Menm jan an tou, Sri Lanka te diminye nan mwatye lanmò matènèl omwen chak 12 lane depi 1935. Sa a se sitou akòz yon sistèm sante solid ki bay sèvis gratis pou tout popilasyon an ak sajfanm kalifye kounye a ki patisipe nan 97 pousan nan nesans, konpare ak 30 pousan nan lane 1940.
Jan Doktè Kanem te di, “Nou kapab epi nou dwe fè pi byen lè nou envesti san pèdi tan nan planin familyal ak travay pou rive nan objektif 900,000 sajfanm nan monn lan, pou chak fanm ka jwenn laswenyaj pou sove lavi li. Sa nou bezwen kounye a se volonte politik."
Texte en anglais : https://www.unfpa.org/news/neglected-global-crisis-women-nearly-300000-mothers-died-2020-preventable-causes